Dèyè Mòn Enfo
banner
deyemonenfo.bsky.social
Dèyè Mòn Enfo
@deyemonenfo.bsky.social
HAÏTI MAGAZINE 🇭🇹 Kilti ak nouvèl tout kote. Beautés & enjeux négligés. Beauties & underreported news. DME collective.
www.haitimagazine.ca
www.haitiweekly.com
2 cha blende Kenya boule byen bonè maten an pandan yon atak nèg ak zam nan komin Kenskòf, touprè Teleco. Daprè polisye ki sou plas, di nou perimèt la deja sekirize apre gwo atak la.
📸 @jeanelierider.bsky.social / @deyemonenfo.bsky.social
August 7, 2025 at 10:48 PM
Kèk manm nan Akò Karibe a te devan Vila D’Akèy jodi a pou mande demisyon KPT. Yo denonse kriz la, epi mande pou 9 prezidan yo kite pouvwa a. "Fòk gouvènman ale, fòk pèp la viv ak diyite."
📸 @jeanelierider.bsky.social / @deyemonenfo.bsky.social
August 7, 2025 at 3:16 AM
Bon fèt drapo! Moun Kay Jakmèl salye tout peyi a. 🇭🇹🇭🇹
📷 @jeanelierider.bsky.social / @deyemonenfo.bsky.social
May 18, 2025 at 10:20 PM
Ayewopò Entènasyonal Antoine Simon nan Okay te inogire ak gwo kòtèj jou ki te 6 mas la, an prezans plizyè ofisyèl. Ayewopò an kounye a gen biwo pou Imigrasyon ak Ladwàn. Dapre otorite yo, li pral kapab genyen avyon ak 80 pasaje.
📸 Jean Elie Fortiné / Dèyè Mòn Enfo
HAÏTI MAGAZINE #52
HAITI WEEKLY #52
April 19, 2025 at 4:30 PM
2/2
April 19, 2025 at 3:26 PM
Twoup teyat Tempokata te pran lari Okay jou ki te 23 mas pase a pou prezante Ayida, yon pyès teyat alegorik sou soufrans pèp ayisyen an ak echèk elit li yo nan moman an.
📸 @jeanelierider.bsky.social / @deyemonenfo.bsky.social

HAÏTI MAGAZINE #52
HAITI WEEKLY #52
1/2
April 19, 2025 at 3:26 PM
Anplis mask ki se anblèm kanaval, sèkèy ak manch long te nan defile kanaval Jakmèl ane sa a pou denonse vyolans kap ravaje kapital la ak vwazinaj li.
📸 @jeanelierider.bsky.social / @deyemonenfo.bsky.social
HAÏTI MAGAZINE / HAITI WEEKLY #51
March 10, 2025 at 10:49 PM
Kanaval nasyonnal Jakmèl ap frape nan vil la, kote dansè, atis mas ak bann yo ap defile depi blok 2PM. Plis foto ak videyo nan nimewo HAÏTI MATAZINE kap vini.
📷 @etiennecp.bsky.social / @deyemonenfo.bsky.social
February 24, 2025 at 1:59 AM
Foto ane 2024 la: payizaj
Malgre touris yo vin pi ra, plaj ak peyizaj Ayiti rete bèl. Okap vin tounen destinasyon touristik ki pi popilè, grasa ayewopò entènasyonal li ak kwazyè Royal Caribbean.
HAÏTI MAGAZINE 49
📸 @jeanelierider.bsky.social / @etiennecp.bsky.social / @deyemonenfo.bsky.social
February 12, 2025 at 2:40 PM
#vizajnou Konsè “À corps et à souffle” pa Nehemie Bastien te fèt 6 fevriye pase a nan Institut Français en Haïti. Lekti tèks ak repriz kèk nan klasik mizik konpa te kreye yon moman ak plen emosyon ansanm ak lespwa nan piblik la ki te bay anpil reyaksyon. 🎶
📸 @jeanelierider.bsky.social /Dèyè Mòn Enfo
February 10, 2025 at 10:44 PM
#vizajnou 4èm edisyon fwa atizanal Fra Zen Ayiti te fèt nan El Rancho samdi ak dimanch. Li te rasanble plizyè atis ak antreprenè kiltirèl pou yon selebrasyon kreyativite ayisyèn.
📸 @jeanelieking.bsky.social / @deyemonenfo.bsky.social
February 5, 2025 at 2:55 AM
Kenskof: Lari a blanch nan komin nan, plis pase 1600 moun gentan kite lakay yo, selon OIM, aprè kèk atak nèg ak zam semèn sa. Distribisyon manje te fèt yè pa Pwoteksyon sivil devan Meri a. Atak la komanse nan vilaj yo ki nan limit Kafou.
📷 Delano Morel / Dèyè Mòn Enfo
January 31, 2025 at 6:01 PM
Jakmèl: Gwoup dans ak lansèt kòd te pran lari yè dimanch lan pou premye jou pre-kanaval nan vil la. Selebrasyon sa fèt chak dimanch aprè 12 janvye pou rive jou kanaval ki ap fèt 23 fevriye nan Jakmèl, yon semèn avan kanaval nasyonal ki ap 2-4 mas.
📷 Andoo Lafond / @deyemonenfo.bsky.social
January 20, 2025 at 3:57 PM
Pòtoprens: Antèman Marckendy Natoux, 2èm jounalis ki te mouri nan atak Lopital Jeneral 24 desanm pase a, te fèt jodi a nan L’église de Dieu Boulard. Plizyè nan jounalis ki te blèse nan atak la te vin depoze flè. Li kite yon ti gason ak madanm li.
📷 @jeanelierider.bsky.social / Dèyè Mòn Enfo
January 19, 2025 at 12:18 AM
Petyonvil: Antèman jounalis Jimmy Jean te fèt maten an nan legliz Saint-Pierre. Li te tonbe anba bal nèg ak zam, ansanm ak yon lòt jounalis epi yon polisye, nan atak ki te fèt 24 desanm sou Lopital Jeneral Pòtoprens.
📷 @jeanelierider.bsky.social / @deyemonenfo.bsky.social
January 16, 2025 at 8:54 PM
Pyès "ABCD ou Ange etc…", ekri pa Philippe Violanti, se youn nan travay ki make edisyon Festival En lisant ane sa a. Pyès la, ki te prezante pou premye fwa nan lemonn, se yon traji-komedi ke Eliezer Guérismé te mete an sèn.
📸 Jean Elie Fortiné / Dèyè Mòn Enfo
HAÏTI MAGAZINE #48
December 28, 2024 at 7:29 PM
#VizajNou Festival Quatre Chemins te fini samdi an ak yon konsè atis Fameuse Maude nan Centre Culturel Brésil-Haïti, Plas Boyer.
📷 Jean Elie Fortiné / Dèyè Mòn Enfo
December 12, 2024 at 8:18 PM
Fèt mò yo, oswa fèt Gede, lwa vodou zansèt, make kòmansman mwa novanm nan, yon peryòd ki te chaje ak anpil eprèv ane sa pou Pòtoprens. Malgre tout bagay, vodouyizan yo onore lespri zansèt yo nan seremoni 1 ak 2 novanm yo.
HAÏTI MAGAZINE #47 / HAITI WEEKLY #47
📷 Jean Elie Fortiné / Dèyè Mòn Enfo
December 12, 2024 at 3:19 PM
Pòtoprens: Pyès teyat "Quelque part en décembre” nan 21e
Festival Quatre Chemins te prezante 3 Desanm nan. Pyès sa ekri epi jwe pa Syto Cavé. Komedyen Daniel Marcelin ak Daphena Rémédor te avèl sou sèn nan.
📸 Jean Elie Fortiné / Dèyè Mòn Enfo
December 12, 2024 at 2:11 PM
Pòtoprens: Festival teyat @enlisantfest te fè konferans pou laprès yè kote li te prezante pwogram, envite ak vizyon edisyon ane sa kap fèt 9 pou rive 19 desanm. "Et si c’était la fin…" se tematik ane sa.
📸 Jean Elie Fortiné/ Dèyè Mòn Enfo
December 4, 2024 at 4:15 PM
Delma: Kafou Ayewopò a tounen yon var. Preske pa gen moun k ap sikile, tout aktivite kanpe. Lapolis ap fè gwo kontwòl devan ayewopò a.
📸 Jean Elie Fortiné /Dèyè Mòn Enfo
November 22, 2024 at 9:17 PM
Pòtoprens: "Kisa nou fè nap peye Jezi?", te di nou yon rezidan Nazon ki tap kite kay li. Nèg ak zam fè lavi tounen yon kè sote nan zòn nan semèn sa. Chak jou, moun oblije kite kay yo.
📸 Jean Elie Fortiné / Dèyè Mon Enfo
November 16, 2024 at 10:40 PM
Pòtoprens/Delma: Plizyè moun nan zòn Bapechoz (BPC) kòmanse kite kay yo pou tèt gwo kout bal ki gen nan zòn nan depi lendi (1, 2). Gen moun ki rete toupre kafou Ayewopò k ap fè menm jan an pou yo chache mete tèt yo an sekirite (3, 4).
📷 Jean Elie Fortiné / Dèyè Mòn Enfo
November 13, 2024 at 11:30 PM
9èm edisyon Quinzaine Handicap et Culture fini 15 oktòb pase a ak yon konsè nan IFH, Pòtoprens. Spektak, atelye, konferans ak pwodiksyon te make evènman sa a, ki te dedye ane sa a pou moun ki soud oswa ki gen pwoblèm tande.
📷 Jean Elie Fortiné / Dèyè Mòn Enfo
November 13, 2024 at 7:17 PM
Pòtoprens: Nouvo premye minis Didier Fils-Aimé enstale aprèmidi a nan Villa d’Accueil pandan te gen anpil tire nan tout vil la. Anbasadè Kanada ak anbasadè Lafrans te la, ansanm ak kèk lòt ofisyèl. Anbasadè Etazini ak ansyen PM Conille pat prezan.
📷 Odelyn Joseph / Dèyè Mòn Enfo
November 11, 2024 at 11:57 PM